(PouSiOuPaTKonnen) – Une école classique met des demi-bourses à disposition des nouveaux élèves de 7e, 8e et 9e Année fondamentale.
Chak fwa yon timoun sòti pou ale lekòl, tout tan li pa retounen paran li pa anpè akoz ensekirite ki ap ravaje peyi a. Pou ede paran ki nan 3zyèm sikonskripsyon an jere strès sa a, lekòl « Institution mixte Père Joseph Claessens » mete plizyè demi bous disponib pou nouvo elèv 7yèm, 8yèm ak 9yèm ane ki pa ka ale lekòl akoz zak latwoublay yo.
Sa enterese w ? Pa kite timoun yo rete chita lakay. Voye yo lekòl.Rele nan nimewo +509 4767 1934 pou ou mande plis enfòmasyon.
« L’éducation est l’arme la plus puissante que l’on puisse utiliser pour changer le monde » – Nelson Mandela
PS : Anplis de ½ bous la, timoun nan ka vin lekòl an sivil pandan li poko gen inifòm.




