FootballHaïti

Mondial 2026 – Nou nan batay : voici un message historique de la Fédération haïtienne de football

(PouSiOuPaTKonnen) – Haïti a un nouveau rendez-vous avec l’histoire ce mardi 18 novembre 2025. Après la bataille de Vertières (1803) ayant conduit à la libération du pays de l’emprise coloniale française, en cette même date, les Grenadiers doivent qualifier la nation pour la Coupe du monde de 2026. À l’approche de la rencontre face au Nicaragua, voici un message historique de la Fédération haïtienne de football (FHF) :

18 Novanm 1803, Ayiti genyen batay ki fè l ekri non l ak lèt majiskil, nan gwo kaye ki gen non tout nasyon ki se mèt tèt yo a !

18 novanm 2025, aprè 2 syèk, 2 deseni plis 2 lane depi nou reyalize kalte eksplwa sa a, nou sou wout pou n al mennen yon lòt batay, fwa sa a pou n al siyen non nou nan lis gwo nasyon ki pral patisipe nan pi gwo chita pale jwèt sa konnen an ! KOUP DI MOND !

An 1803 nou te batay ak manchèt, 2025 n ap batay ak kranpon. 1803 nou te batay ak fizi, 2025 n ap met jarèt pou n kore gason. 1803 te gen boulèt kanno, 2025 n ap choute gwo digèt.

Menm dat, jou pou jou, men yon lòt istwa, fwa sa a pou met souri nan figi yon pèp, ki gen lontan depi l ap kriye !

1803 nou te gen Jan Jak Desalin, jodia nou gen Jan Jak Danley. 1803 nou te gen Alexandre Petion, jodia nou gen Alexandre Pierre. Nou te gen Gerin Etienne, jodia ou gen Derrick Etienne ! Johny Placide, Ricardo Adé ak Markhus pral ede n pote LACROIX nou, pou n kenbe filè n vyèj ! Si Deedson Louicius ta fè yon lòt gòl jodia, se yon gwo DON, li tap fè nasyon an ! Nan nwit, kou nan MATEN, EXPERIENCE nou ap fè n jwenn wout la ! Ak BELLEGARDE epi LEVERTON nan mitan teren an, la PROVIDENCE pral akonpli ! Ke n pase pa boudon, ke n pase pa NAZON ! Tout jan jodia fòk nou rive Crête-à-PIERROT !

Grenadye, Alaso !!!!! NOU NAN BATAY !!!!

#GrenadyeAlaso #NouNanBatay #AyitiNanBatay #Mondyal2026 #NouKaFel

Pour avoir accès exclusif aux contenus de #PouSiOuPaTKonnen, suivez-nous en cliquant ici: ↓
Twitter (X) Chaîne WhatsApp Groupe WhatsApp
Telegram Facebook Threads
error: Content is protected !!