PouSiOuPaTKonnen – Yo rele BOULE PO, se tout kontak po kò yon moun ta ka genyen ak chalè ki kapab vapè, dlo bouyi, flanm dife, solèy, sigarèt limen pou n site sa yo sèlman. Se yon fenomèn nou rankontre fasil, kote n jwenn moun ki boule. Timoun ki nan laj pi piti pase 5 lane yo reprezante ¼ viktim ki ale lopital pou koze sa a ki souvan rive akoz kontak po yo genyen ak likid cho oswa bagay solid tou, tankou yon plak elektrik kòm egzanp. Kisa pou yon moun fè si li boule? Konbyen degre ki genyen nan koze boule? Men rezilta yon ti rechèch ekip la te fè sou sijè a.
Sentom yo klase selon nivo boule a ta grav. Epi, pou n kalifye yon boule GRAV oswa PA GRAV, sa depann de LAJÈ oswa GWOSÈ ak DEGRE boule a.
- Lè nou pran pa egzanp chalè solèy la ki konn rann po kèk moun vin tou wouj (kout solèy, yon egzanp nou plis remake sou grimèl yo). Yon senp boule tou fèb, tou lejè konsa se boule nan PREMYE DEGRE ;
- DEZYÈM DEGRE boule a li menm se lè nou remake yon ti blad yo rele «cloque, en français » sou po moun nan ki chaje likid anndan l ;
- TWAZYÈM DEGRE a, po a ap tou nwè oswa tou blanch. Selon lajè oswa gwosè l, nou kapab di se lè pati ki boule a pi gwo, pi laj pase mwatye gwosè pla men yon moun. Se konsa ti mesye bèl bòs yo ye a. Yon moun ki te gade videyo a ap wè sa byen fasil.
Boule nan nen, nan je, nan men, nan ti koulout oswa nan bouboun ak nan kuis klase pami boule grav yo tou. Se boule ki kapab fè w depale, fè w rele : « bèl bòs m ap mouri, mennen m lopital… ».
Li pa etonan pou n tande pale de yon KATRIYÈM DEGRE boule. Gen kèk medsen ki konsidere se lè viktim nan nan dènye nivo a, lè prèske pa gen espwa ankò a, nan nivo pou yo pran ka viktim nan rapid rapid nan lopital la, pou kouri ranplase (gras ak yon sewòm) tout dlo kò a limenm te gentan pèdi.

Ki kèk bagay yon moun ka fè pou evite koze boule a?
Pou evite boule, yon moun:
- dwe evite SOLÈY la, sitou pou timoun yo (itilize kepi oswa chapo) ;
- pa dwe kite timoun yo pou kont yo tou pre recho, fou, balèn limen, elatriye ;
- pa dwe bwè bagay cho tankou chokola, kafe, te, soup avèk yon timoun chita sou li ;
- pa dwe al eseye limen dife ak alkòl oswa esans ;
- pa dwe fimen devan yon bagay ki ka pran dife.
Kisa pou yon moun (pa) fè lè li anfas yon moun ki boule?
- Pa eseye retire rad ki kole ak pati nan kò moun nan ki boule a ;
- rafrechi lezyon (kote ki boule) yo ak dlo frèt ki ap koule sou pati ki boule a pandan 10 a 15 minit byen rapid, epi aprè kouvri kote a ak yon bagay pwòp ;
- lè boule a senp oswa si l pa twò anraje, itilize yon pomad ki fèt pou sa ki vann nan famasi pou pwoteje boule a ;
- pa pete ti blad yo (cloque) ;
- pa janm mete farin, bè, lwil, lèt oswa nenpòt lòt pwodui ki pa rekòmande sou boule yo.
N ap fini pou n di, lè yon moun ki boule rive anfas yon medsen, doktè a ap egzamine boule a pou l ka pran mezi nesesè yo. Si ka a pa grav, l ap sèlman mete yon pansman epi preskri viktim nan medikaman pou konbat doulè yo. Men si sa pi rèd, l ap mande pou viktim nan etène lopital la. Men ki lopital? Nan ki lopital bèl bòs ta ka mennen nèg yo?
Stanley Beltiné, #PouSiOuPaTKonnen



