(PouSiOuPaTKonnen) – Haïti est à un pas de sa qualification pour la Coupe du monde de 2026. Après la victoire (1-0) contre le Costa Rica, le prochain adversaire sera le Nicaragua, avec qui les Grenadiers croiseront le fer le mardi 18 novembre prochain. À l’approche de cette « deuxième bataille de Vertières », voici un message portant la signature de la Fédération haïtienne de football (FHF) :
Nan chemen eliminatwa Mondyal sa a, nou soti lwen, byen lwen. Nou bay kou. Nou pran kou. Nou tonbe, nou leve ! Grenadye yo jwe ak trip yo, ak kè yo, ak tout rès diyite pèp sa a ki pa janm bay legen an te rete a, pou ban nou ti bren lespwa sa a nou genyen jodi a !
Nou fè anpil sakrifis pou rive la. Nou gen tout rezon n pou n ta selebre chimen nou pase yo ! Men nou pa p rete la, rèv nou rive pi lwen pase sa ! Espwa nou pa sèlman yon mo, men yon flanm k ap danse anndan nou. Nan venn nou. Nan nanm nou.
BATAY LA POKO FINI, rete yon dènye final ! Yon dènye batay ! Yon dènye ti pas dlo pou n janbe, yon dènye viktwa pou fè peyi a cho tankou tanbou anba men Azò lè Rasin Mapou ap jwe !
Yon sèl konba kote nou bezwen fòs chak fanm, chak gason, chak timoun ki konnen sa li ye lè Ayiti deside fè bri. Chak granmoun ki anvi viv on lòt 1974 !
BATAY LA POKO FINI ! An n kontinye voye lanmou ak bon enèji pou Grenadye yo !
#NouSeAyiti #PeyiANanBatay #WoutPouMondyal #Mondyal2026 #GrenadyeAlaso




