Dernières nouvelles

Tristès: rapè H-Taliban mouri anba bal nan Dèlma

PouSiOuPaTKonnen – Se yon nouvèl ki choke anpil moun, sitou jèn yo. Carl Henry anpil moun konnen sou non H-Taliban mouri nan lannuit vandredi 14 avril la nan Dèlma. Selon enfòmasyon ki disponib, se nèg ak zam ki simen bal nan Dèlma 33 sou jèn rapè sila a ki te gen anpil talan sitou nan fristal (freestyle).

Yon lòt atis ki rele Dimilòm konfime nouvèl lanmò H-Taliban. Viktim nan se manm yon gwoup ki rele « Team Kalabo ». Li te fò nan rap e fason li fristal te chame pibkik la anpil, sitou jèn yo. Aprè nouvèl lanmò H-Taliban, yon videyo kote li ak Izo Vilaj de Dye pran lari. Nan yon videyo ki sou entènèt, nou ka remake anpil moun plonje nan tristès lè yo vin konstate kadav atis la atè kote ensekirite kontinye ap ravaje Ayisyen yo, sitou jenn moun byen pòtan.

Nouvèl lanmò H-Taliban vini anviwon 1 mwa edmi apre lanmò Sexi. Yo tou 2 a se te atis e yo mouri prèske menm jan : nèg ak zam ki touye yo. Ayiti ap deperi, jèn chaje talan ap mouri, moun fòme ap kouri kite sa, avni peyi a enkyetan anpil.

Pour avoir accès exclusif aux contenus de #PouSiOuPaTKonnen, suivez-nous en cliquant ici: ↓
Twitter (X) Chaîne WhatsApp Groupe WhatsApp
Telegram Facebook Threads
error: Content is protected !!