Education sociale

« Ti bouton sa yo ki konn nan tèt peni an poutan ki pa yon danje »

(PouSiOuPaTKonnen) – Eksplikasyon sa yo, se yon platfòm ki rele « Doktè fèy trètman natirèl » ki te bay yo. Li pèmèt moun k ap li a konprann se pa tout ti bouton ou remake nan tèt peni a ki se siy enfeksyon oswa lòt maladi. Pafwa, daprè sa platfòm nan te ekri, se konn yon bagay nòmal ki rele « couronne perlée du gland ».  An n li ansanm kisa « Doktè fèy trètman natirèl » di sou sijè sa a.

« Mwen vle retire kèk dout nan tèt moun sa yo ak anpil lòt moun ki ta renmen konnen tou men ki pa oze poze kesyon an.
Doktè fèy trètman natirèl
Nou konn remake yon pil ti bouton ki antoure tèt peni an? Ki parèt tankou yon kouwòn nan tèt peni an? Yo rele li "Couronne perlée du gland ou couronne sous balanique". Nou jwenn li kay anpil gason e li bay anpil enkyetid, pafwa mesye yo konn pè pale oswa pè kite patnè seksyèl yo wè sa paske yo panse ke se yon maladi. Ebyen nou pa bezwen enkyete nou se yon bagay ki nòmal.
Nou jwenn li nan gason ki gen 17 jiska 30 lane. Fenomèn sa pa yon maladi. Li pwodui akoz de òmon (hormone) seksyèl yo ki ogmante sitou nan laj pibète. Sa bay yon gran kwasans folikil sebase yo ki vin fè ti boul sa yo parèt. Tay yo ka diminye avèk le tan men yo p ap janm disparèt. Yo pa bay doulè, likid, ni enfeksyon. Nou pa sipoze konfonn li ak kondilom osinon yon mikoz. Kidonk pa bay tèt nou pwoblèm si nou ta remake ti bouton sa yo. Men tou, si nou remake yon bagay ki pa nòmal nan pati entim nou, toujou sonje pi bon desizyon an se ale wè yon doktè.

Sous: Doktè fèy trètman natirèl (Fesbouk)

Pour avoir accès exclusif aux contenus de #PouSiOuPaTKonnen, suivez-nous en cliquant ici: ↓
Twitter (X) Chaîne WhatsApp Groupe WhatsApp
Telegram Facebook Threads
error: Content is protected !!